Yon pwoblèm grav poutan pèsòn pa di anyen sou sa...


Avan de (2) pati rive siyen akò sa a gen anpil demach dirijan ayisyen yo te fè men ki pat reyisi. Premye kontak yo te fèt sou Boyer an 1821 men sa pat mache, Boyer eseye an 1824, dezyèm kontak sa a pral jwenn Yon repons favorab men li pat abouti à rezilta gouvènman ayisyen an tap tann nan. Poupale yo te dire prèske 40 lane e te genyen 3 pwojè de Concordat. Lè nap pale de Concordat, fò n’ pa konfonn Concordat de Damien avèk Concordat 1860 lan. Concordat de Damien an te siyen 24 septanm 1791, se yon trete ki te akòde dwa de vòt a afranchi yo tandiske Concordat 1860 lan li te siyen ant Leta ayisyen e Vatican.


Demach sa yo montre legliz katolik te la depi nan fondasyon Leta ayisyen an. Dayè se legliz katolik ki te rekonèt endepandans nou an premye. Gen plizyè lòt fè ki kapab montre prezans yo nan peyi depi nan kòmansman, tankou kouwònman Dessalines ak Henri Christophe ke pè Corneille Brelle te fè. Egzanp ki plis temwaye de prezans Legliz katolik an Ayiti se chapèl wayal Milot a.


Chapèl sa a oubyen katedral pou kèk moun, te konstwi ant 1811 e 1813. Nap raple an 1811, Henri Christophe nome tèt li wa. Li pral konstwi palè Sans-Souci ki ap sèvi l’ rezidans. Selon yon tradisyon, pa gen palè san legliz. Ebyen Christophe ki te tou yon fran katolik pral angaje achitèk Joseph Chéry Warlock pou konstwi chapèl la.



Chapèl la twouve l’ nan rantre palè Sans-Souci a, sou tèt montay Bonnet à l'Evêque. Kite m’ souliye pou nou, palè Sans-Souci, Sitadèl Laferrière ak les Ramiers yo tout yo konstwi sou yon sipèfisi 25 kilomèt kare.Chapèl la fèt an sèk se sa k’ fè yo rele l’ tou legliz won. Li gen yon twati an fòm bòl ki gen yon dyamèt 27,50 mèt. Twati a fèt avèk asfalt melanje ak amyant. Nan fasad legliz la nou jwenn 4 poto, sou tèt poto yo gen yon devanti ki fèt an fòm triyang izosèl. Genyen 20 000 ansyen esklav ki te patisipe nan konstriksyon chapèl la. Li te dedye a Immaculée Conception.Li te sèvi tou kòm mozole paske gen anpil prèt ak ofisye ki antere ladan l’.


An 1842, yon gwo tranblemanntè detwi vil Okap. Nan okazyon tanblemanntè sa a, twati chapèl la te efondre. Li pral rete abandone pandan plizyè ane. Nan ane 1930 yo, prezidan Stenio Vincent pral restore li nèt men