Riyèl Vaillant : sèn youn nan pi gwo masak ki fèt nan peyi a

Nan yon sistèm demokratik, pi bon mwayen ki genyen pou renouvle pèsonèl politik la se òganizasyon eleksyon onèt ak kredib. Sepandan, lakay nou, eleksyon yo souvan mache ak fwod oubyen vyolans. Pratik sa a trè kouran lakay nou.

Nan tout eleksyon ki fèt an Ayiti, gen de (2) moun pap janm bliye. Youn, paske li konsakre desizyon majorite a 16 desanm 1990, lòt la paske li te simen dèy nan mitan popilasyon an 29 novanm 1987.

Eleksyon 16 desanm 1990 yo

Se premye eleksyon lib ki fèt nan peyi a. Sa ki fè Jean-

Bertrand Aristide se premye prezidan ayisyen ki eli demokratikman. Li te ranpòte eleksyon a

yon pousantaj ki evalye a plis ke 65%. Se te kontantman, ayisyen toupatou tap selebre viktwa sa a, Malerezman, jwa sa a pa tap dire lontan. Nou tout konnen sa ki te passe 30 septanm 1991. Nou pa bezwen tounen sou li.

Avan eleksyon 16 desanm 1990 yo

Gen yon lòt eleksyon ki te fèt nan peyi a. Eleksyon sa yo te fikse pou 29 novanm 1987. Se te premye eleksyon ki tap fèt nan peyi a depi depa Jean-Claude Duvalier. Se te tou premye eleksyon jeneral ki tap fèt nan peyi a depi aprè eleksyon septanm 1957 yo.

Pandan eleksyon sa yo,wòl lame se te asire lòd nan dewoulman eleksyon an. Se wòl sa a jeneral William Regala te vle fè konnen li te ba yo. Malerezman, yo te echwe nan misyon sa

a.Depi nan samdi swa nèg ak zam te bay yon avangou de sa ki ta pral pase nan demen. Katouch fè nwit ap chante nan plizyè katye popilè tankou Kafoufèy, Matisan, Bèlè ak Solino.

Kèk jou avan eleksyon yo, Tonton Makout yo te fè plizyè bagay ki te voye yon siyal klè pou montre rejim ki te sou pouvwa a pap bay ni biwo vòt, ni elektè sekirite. Malgre klima laperèz sa a, pèp la te deside pran desten l an men.

Konsèy Elektoral la tou te montre volonte yo pou rive reyalize eleksyon sa yo. Mank mwayen ak difikilte teknik pat dekouraje yo. Yo te rive distribiye a tan materyèl ak bilten toupatou, menm nan zòn ki plis rekile yo.