Rezon ki fè maison blanche se palè ki pi an sekirite pami tout lòt palè nan mond lan.

Dernière mise à jour : 11 janv.

Nan dat 4 jiyè 1776, Etazini deklare endepandans li. Deklarasyon yo a te an grand pati enspire de filozòf Lumières yo. Se Thomas Jefferson ki te prezide komisyon ki te responsab pou ekri dokiman sa a ke 56 reprezantan te siyen.

Pandan batay ki te abouti a endepandans lan, se Georges Washington ki tap dirije lame a. Aprè siyati trete de Pari a ki pral fè yo rekonèt endepandans amerikèn nan, Li pral eli premye prezidan ameriken.

Youn nan gwo travay ki tap ret tann nouvo prezidan an se konstriksyon palè prezidansyèl la.


Peu de temps après envestiti l’, Georges Washington pral lanse yon konkou pou seleksyone achitèk nouvo palè a. Plizyè konkiran te angaje yo nan konkou sa a, pami yo Thomas Jefferson men se pwojè James Hoban nan ki pral jwenn benediksyon prezidan an.


Chwa sa a te fèt 16 jiyè 1792 e prezidan an te fè l’ de konsè avèk yon urbaniste ki rele Pierre Charles l’Enfant.

Travay yo demare 13 oktòb 1792 pou yo te fini premye novanm 1800. Sa ki vle di konstriksyon palè a te dire 8 lane.

Tèren kote batiman an konstwi amezire 7,6 hectares, men li kouvri 5 100 mètkare. Li genyen 132 pyès repati sou 6 etaj, 412 pòt, 147 fenèt, 35 salles de bain, 28 chemine, 8 eskalye ak 3 asansè. Travayè yo se te esansyèlman afro-ameriken (lib ou esklav) ak imigre Ewopeyen.

Batiman sa a sibi anpil modifikasyon. Modifikasyon sa yo te fèt sitou aprè 2 ensandi ki te frape batiman an. Youn an 1814, lòt la an 1929.