Potrè 3 nan moun ki goumen pou dwa lòt moun respekte

Dernière mise à jour : 11 janv.

An Ayiti, aprè Baby Doc fin kite pouvwa a 7 fevriye 1986, 3 avril menm ane a, yon gwoup fanm pran lari pou revandike dwa yo genyen pou yo patisipe nan lavi politik ak sosyal peyi a. Depi lè sa a, yo kenbe dat 3 avril la tankou Jounen Nasyonal Mouvman Fanm yo.

Desizyon sa a, nou ka wè l’ tankou aboutisman yon gwo batay pou respe dwa fanm yo an patikilye. Sa a pa tap posib si pandan pat genyen sou plan mondyal ak nasyonal yon pakèt lòt pou dwa moun respekte.

Nan batay sa a pou respè dwa moun ak pou respè dwa fanm gen anpil moun ki kontribiye sou yon fòm oubyen yon lòt.

Jodi a, nou pral wè 3 fanm nan istwa limanite ki jwe pozitivman yon wòl nan fason nou ap viv jodia. Nan seleksyon nou pou jodi a genyen yon ayisyèn, Madeleine Sylvain Bouchereau, ak de (2) amerikèn, Harriet Tubman ak Rosa Parks.

Madeleine Sylvain-Bouchereau

Madeleine Sylvain Bouchereau se premye fanm an Ayiti ki gen yon doktora nan sosyoloji. Enplikasyon l’ nan edikasyon fanm yo se yon bagay ekstrawòdinè. Li edike yo nan domèn sitwayènte politik, mobilizasyon kominotè, aktivite asistans sosyal ak batay pou dwa fanm yo. Madeleine Sylvain Bouchereau

se pitit Georges Sylvain, powèt epi konferansye ki te goumen pou mete yon bout nan okipasyon amerikèn nan an 1934. Suzanne Commère-Sylvain, gran sè l’, se premye fanm an Ayiti ki antwopològ. Yvonne Sylvain, ti sèl, se premye fanm ki medsen nan peyi a.Detay sa yo montre Madeleine soti nan yon fanmi kote moun yo te enstwi e militan tou.

Pou Madeleine, feminis se yon zouti alafwa teyorik ak pratik. Li te konsakre vil nan batay kont diskriminasyon fanm .Nan youn nan liv li yo, Dwa Fanm ak Nouvo Konstitisyon an, li pote yon repons a atak seksis kont mouvman feminis la nan palman an.Finalman konstitisyon an pral bay fanm dwa sivil ak politik yo nan pwen ke nan eleksyon ki fèt an 1957 yo Madeleine Sylvain Bouchereau te kandida pou pòs senatè nan depatman Lwès.

An 1927, Madeleine Sylvain-Bouchereau te patisipe nan fondasyon Pupilles de Saint-Antoine, konsidere kòm youn nan premye travay ayisyen pou asistans sosyal.

Yon lòt kontribisyon enpòtan Madeleine Sylvain-Bouchereau nan batay pou dwa fanm yo se kreyasyon youn nan pi gwo òganizasyon fanm nan peyi a « Ligue Féminine d’Action Sociale » nan tèt kole ak plizyè lòt nan dat 3 mas 1934.

Lig sa a te vize amelyore kondisyon lavi ayisyen yo, fè yo konnen devwa yo, fè pwomosyon pou egalite sivil ak politik epi adrese pwoblèm pwoteksyon timoun yo. Lig la te konn pibliye yon jounal ki rele « La Voix des Femmes », yon zouti pou sansibilize kondisyon fanm yo ak yon senbòl efò fanm yo nan kominote yo.

Depi kreyasyon l’ jiskaske diktati Duvalier a m