Oktòb 1937 : dominiken bay kou, ayisyen pote mak la


Repiblik Dayiti ak Repiblik Dominikèn se de (2) peyi ki pataje yon menm zile. Relasyon ant de (2) vwazen sa yo toujou genyen konfli ak afwontman. Nou tout konnen se pa pil dènye jou sa yo otorite dominiken yo depòte ayisyen ki te ilegal lakay yo, san konte divès lòt mezi prezidan aktyèl la pran kont konpatriyòt nou yo ki al bouske lavi miyò lakay yo.

Nou pa ka inyore tou konfli diplomatik ki te genyen dènyèman an aprè plizyè twit ansyen minis afè etranjè ayisyen an, Claude Joseph, te fè an repons a move atitid prezidan dominiken an.

Avan sa rive la, Leta dominiken te pran nan mwa septanm 2013 yon lwa pou li te retire nasyonalite tout timoun paran yo se ayisyen menm si yo fèt sou teritwa dominiken an. Lwa sa a te konsène tout moun ki fèt soti 1929 pou rive 2010. Lwa sa a te fè nan espas de (2) lane, sòti 2013 pou rive 2015, dominiken yo te depòte 66 000 ayisyen ki, pou anpil nan yo, pat janm mete pye yo Ayiti menm yon sèl fwa e ki pat gen okenn dokiman ki di yo se ayisyen.


Depòtasyon, lwa pou retire nasyonalite, entèdiksyon pou fanm ansent akouche nan lopital dominiken si yo pa legal, okenn nan desizyon sa yo pa rive fè plis viktim ke desizyon sa a Rafael Leonidas Trujillo te pran nan mwa oktòb 1937 la.

Nan atik jodi a, nap envite w konnen plis sou gwo evènman istorik sa a yo bay pote non « Massacre del Perejil » nan lang panyòl.

Nan dat 2 oktòb 1937, Rafael Leonidas Trujillo, ansyen prezidan dominiken, te bay twoup li yo lòd pou yo elimine moun ki gen orijin ayisyen ki abite sou teritwa dominiken an, sitou nan zòn agrikòl sou fwontyè ant de (2) peyi yo.

Atak sòlda ak polis dominiken yo te fè kont sivil ayisyen yo, sitou peyizan yo, te lakòz ant 25 000 ak 30 000 moun mouri, pami yo te gen Dominiken ki gen paran ayisyen. Pou yo ka idantifye sivil ayisyen nan mitan popilasyon nwa ak milat nan zòn nan, lame ak lapolis te mande sispèk yo pou yo pwononse an panyòl mo 'salsinha', oswa 'perejil'. Se pou rezon sa a yo te rele masak la « Massacre del Perejil ».

Nan lang kreyòl la pa gen okenn pwononsyasyon dous nan lèt “r” – ekivalan an kreyòl mo 'perejil' la se 'pèsi'. Nan fason sa a, lapolis dominiken te gen yon metòd fasil pou distenge ak separe viktim yo epi elimine yo.