Nap sezi aprann sa yo dekouvri nan "Grotte des Horreurs" nan peyi Izrayel


« Archéologie » se yon displin syantifik ki etidye sivilizasyon ki pase yo. Se pa mwayen dekouvèt akewolojik yo yo rive jwenn tras anpil sosyete ak anpil kilti ki te egziste nan tan lontan. Konsa, li posib pou nou rive konprann pi byen kijan kèk pèp tap viv, abitid ak koutim yo. Nou ka menm rive konnen sa ki te koz yo disparèt. « Archeologie » devwale epi reponn anpil mistè ki genyen nan listwa nou.



An 1960, yon gwoup akewològ dekouvri 40 eskelèt nan yon gwòt nan peyi Izrayèl. Depi lè sa a yo tou rele l’ « Grotte des horreurs ». Gwòt sa a twouve l’ nanNahal Hever, tout sou kote l’ se ravin e pou ou ale ladan l’ ou oblije desann yon falèz.

Nan mitan mwa mas la, gwòt sa a fè aktyalite ankò akoz yon eskelèt yo jwenn ladan l’. Eskelèt sa a genyen, tande byen, 6 000 ane. Se eskelèt yon timoun, ta sanble se yon tifi ki te genyen ant 6 e 12 lane. Chèchè yo jwenn li nan yon pati nan gwòt la ki aksesib sèlman lè moun desann nan kòd. Gen kèk pati nan kò l’ ki konsève tankou po l’, tandon l’ ak cheve l’. Gen yon moso twal ki kouvri tèt li ak lestomak li. Li kouche tankou jan nou konn wè timoun yo akokiye lè yo nan vant manman yo.


Selon Ronit Lupu, yon istoryen kap travay pou « Autorité israélienne des antiquités » (IAA), moun ki te antere timoun nan te kouvri l’ tankou lè yon paran ap kouvri pitit li ak yon dra. Timoun nan te kenbe yon moso nan twal ki te kouvri l’ la.

Sa ki plis entères