Ki bò pouvwa pap la limite ?

Sa pa janm monte nan lide w pou ou imajine yon konfli ant Leta ak legliz ? Èske w panse gen yon lidè relijye ki kapab anpeche 2 peyi ènmi goumen ? Ou gen yon ide de dimansyon pouvwa pap la ? Ou konnen l’ ka rive konvenk menm yon gwo diktatè tankou Mussolini ? San dout ou pa konn tout sa pap la gen otorite fè. Pran ti chèz ou, vin wè avè m’ tout sa yon pitit Bondye ka fè.


Être humain yo devlope relasyon ak Nan kèk êtres ke yo konsidere kòm sen, sakre, absolu, spirityèl a ki li akòde yon respè san parèy. Se relasyon sa yo ki pote non relijyon an.

Nan mond lan jodi a, gen senk (5) gran relijyon : Islam, bouddhisme, judaïsme, hindouisme epi christianisme. Nan tout relijyon sa yo christianisme lan se li ki gen plis adepte, plis ke 2 milya. Li sòti nan judaïsme lan men li pa pratike sikonsizyon ni li pa swiv règ alimantè judaïsme lan. Pèsonaj santral christianisme lan nou tout konnen se Jésus.

Christianisme lan genyen twa branch :

  • Christianisme orthodoxe

  • protestantisme

  • catholicisme

Catholicisme se branch nan christianisme lan ki reyini plis fidèl, yo plis ke yon milya. Mo katolik la vle di inivèsèl e selon kèk sous se Ignace d’Antioche ki te itilize mo katolik la pou premye fwa. Syèj legliz katolik twouve l’ a Rome e se pap la ki chèf siprèm li.

Istwa Vatikan kòmanse lontan, pou nou pi presi li kòmanse sou rèy anperè Constantin Ier ke anpil moun konsidere kòm premye anperè kretyen.

Constantin se pitit Constance Chlore. Lè papa l’ mouri, sòlda l’ yo pwoklame l’ Auguste (tit yo te konn bay anperè romain yo nan Antikite a). An menm tan a Rome, gen yon lòt gwoup sòlda ki pwoklame Maxence anperè tou. Batay pral eklate ant 2 chèf yo. Maxence pèdi. Daprè sa k’ di, nan epòk batay sa a Constantin te gen maladi lèp e se pap Sylvestre Ier, evèk Wòm nan epòk la, ki te geri l’. An siy de rekonesans, Constantin pral rankontre ak pap la epi siyen yon dokiman ki bay pap la otorite sou Rome, rès teritwa an Itali yo ak tout zòn oksidantal yo. Dokiman sa a yo ba li non « Donation de Constantin ». Dokiman sa a pral piblik pou premye fwa sou rèy Pépin, nan ane 778-800 yo.

Pap la pral egzèse otorite l’ sou Rome ak Itali santral la pandan plis pase mil ane. Pandan peryòd sa a pap la te konsidere tankou nenpòt ki lòt souveren nan mond lan. Se pandan peryòd sa a Bazilik Senpyè ak tout plas ki pote menm non an pral konstwi.

Tandans sa a pral chanje ak inifikasyon Itali vè ane 1848.Apati epòk sa a, Rome te vin non sèlman kapital Itali men tou syèj pouvwa pap la. Sa pral pwovoke yon konfli diplomatik yo te bay non « Question Romaine ».

Konfli sa a pral bout ak siyati trete Latran yo. Akò sa yo te genyen twa konvansyon ladan yo : yon premye ki trete « question Romaine » nan, yon dezyèm ki dedomaje Sensyèj ak yon twazyèm ki konsakre relijyon katolik kòm relijyon Leta an Itali.

Akò sa yo te siyen te siyen nan dat 11 fevriye 1929 ant Benito Mussolini ak kadinal Gaspari ki te reprezante pap la. Akò sa yo te garanti endepandans Vatikan an ki te vin devni depi jou sa a pi piti Eta nan mond lan.

Daprè kèk done, legliz katolik gen yon gwo kantite dyosèz ak manb nan tout peyi nan mond lan. Legliz katolik sèvi ak sa pou l’ chita otorite l’ e di tout moun sa yo pataje lide l’ sou maryaj omoseksyèl, etanazi, avòtman elatriye.An Itali enfliyans legliz katolik sou kesyon sa yo pa piti. Anpil doktè konn refize fè yon fi avòte akoz fwa yo.

A kote de pwisans politik li, legliz katolik imansman rich. Selon BBC,20% imèb ki genyen an Itali se pwopriyete legliz katolik. Sa ki fè yon total 115 000 edifis. Legliz la pa peye enpo pou pi fò nan edifis sa yo.

An 2019, legliz katolik te kolekte 1.2 milya dola. Yon lajan Vatikan depanse jan l’ vle san l’ pa gen kont pou rann ak pèsòn.

Vatikan genyen pwòp bank li ki rele « Institut pour les Œuvres de Religion », yon bank ki te enplike nan anpil ka blanchiman lajan jiskaske pap François vin fè kèk refòm ladan l’.