Kèk gwo ekriven etranje ki te konn fè bagay sal

Anpil fwa ou pèdi nan yon liv ke yon gwo ekriven ekri, pafwa son selèb liv ke tout mond lan konnen oubyen yon liv otè fransè paske nou pi fasil konprann lang lan. Ebyen, sa yo pote ba ou nan liv la pa fòseman reflete reyalite yo. Si gen liv ou li ki fè w renmen otè a, gen de istwa w pral tande la ki pral fè w panse yon lòt jan.Men atansyon ! Koze sa yo pa sèlman repete nan domèn literè, prèske nan tout disiplin ou jwenn kèk moun ki totalman diferan de sa y ap dekri ba ou a. Kilès nan ekriven etranje nou konn abitye li yo ki pa t fin dwat ke sa ? Ebyen se kesyon sa nou pral debat nan pwogram nou an jodia.

· André Malraux André Malraux se selèb ekriven sa ke anpil moun konnen pou liv sa « La condition humaine ». Ebyen, André Malraux se te yon piyajè legliz. Ekriven sa ki te alepòk Minis kilti pa t toujou rete yon ekriven egzanplè. An 1923, li te totalman sou bouda l akòz move envestisman li te fè nan kèk bous. Ebyen, gran ekriven sa, li menm avèk madanm li, te deside ale Cambodge pou al vòlè estati nan kèk tanp pou yo revann yo pou yo ka fè lajan. Otorite yo te arive met lapat sou yo, André Malraux te pran yon bon ti tan prizon.Sa ki te pi dwòl nan istwa a, madan André Malraux, Clara, te arive deklare : «Yon fanm tankoum, nou te panse m pral redi travay. » Tèt chaje !

· Ernst Hemingway Ernst Hemingway te renmen touye bèt san rezon. Otè liv '’ Le veil homme et la mer '’, Ernst Hemingway, se te yon gran malad Lachas. Pa sèlman lachas pou l jwenn bèt pou l manje men tou pou l sa pran kadav kèk bèt pou l fè twofe. Li toujou ap fè foto ak kadav li yo, sa ki fè anpil lektè te endiye de pèsonaj la. Li te menm soti yon lis Big fives, 5 bèt savann ou dwe tiye si w vle vin yon bon chasè. ( Lyon, bèf sovaj, leyopa, elefan ak rinosewòs )

· Guy de Maupassant

Moun ki renmen li, non sa sonnen bèl nan zòrèy yo. Men èske w te konnen Guy de Maupassant te renmen pataje MST li yo ? (Maladi ou ka pran nan fè bagay) Ebyen wi ! Guy de Maupassant te pran plezi nan bay moun MST. Li te renmen pase tan l nan makrèl epi kouche ak mezi se pwostitiye li jwenn. Yon jou, sa k pou te rive a rive, li pran yon MST ki se Vérole. Anpil pwòch li te panse li ta pral f on poze sou al nan makrèl, men se pa t janm sa li te gen nan tèt li. Okontrè, l al rakonte yon zammi l, nan yon lèt, ke kounya li pa pè pran Vérole ankò puiske li genyen l deja. Li menm eksplike zanmi ke kounya, puiske li pa pè ankò, li pral kouche ak plis pwostitiye toujou. Men yon pati nan lèt li te ekri a : '’ Mwen kouche ak plis pwostitiye kounya, bèl fanm sou twotwa, e lè m fin kouche yo mwen fè yo konnen ke m gen Vérole. Epi yo kòmanse pè m, lamenm mwen tonbe ri. Sa se siy ki montre ke mwen siperyè ak yo.’’ Antouka, si Guy de Maupassant te dwat nan sa l ap ekri, nan vrè vi a se te tèt fè mal.