Eske ou konn tande pale de FRAPH ? Ann gade kisa li te ye

Jenerasyon ki viv avan nou yo, toujou gen tandans vle fè nou kwè nan tan pa yo a bagay yo te pi bon. Sepandan lè nou fè yon ti koudèy annaryè, nap rann nou kont ke pwoblèm n ap konfwonte nan sosyete ayisyèn nan jodia te toujou egziste. Se vre nan dènye ane sa yo yo vin anplifye.


7 fevriye 2021, advèsè politik Jovenel Moïse yo, ki te vle fè kwè manda l fini, deside chwazi mèt Mécène kòm prezidan. Sa ki ta pral fè nou te gen 2 prezidan. Se pat pou premye fwa nou tap viv yon senaryo konsa, sa te fèt deja an 2001. Si nou ale pi lwen, nap wè li te fèt nan ane 1807, lè Christophe te koupe fache ak Petyon. Nou abitye ak ti koudeta nou, menm si anpil nan yo se ka montaj, nou abitye ak prezidan ki estime konstitisyon an plas la

depase ki deside chanje l’. Dayè, se yon bagay ki klè, soti 1804 pou rive jodi a nou konnen plis pase 20 konstitiyon. Nou abitye ak prezidan ki gen tout pouvwa aprè Bondye. Nou abitye ak rejim politik kap fè represyon sou moun kap mande lavi miyò. Nou abitye ak asasina politik. Nou wè deja lidè ki kreye milis pou kore pouvwa yo. Brèf, jan Eklesyas di l’ la « il n’a rien de nouveau sous le soleil ». Se sa ki te fèt deja kap repete.

An Janvye 1923, nan peyi Itali, Benito Mussolini, lidè pati

fachis la, kreye Milice Volontaire pour la Securité Nationale. Pa bò lakay nou, gen 2 rejim ki pral swiv egzanp sa a.


Premyeman, se rejim divalyeris la ki te kreye 30 jiyè 1958 VSN (Volontaire pour la Sécurité Nationale) ki te gen nan tèt li Luckner Cambronne. Dezyèmman, se rejim Raoul Cedras la, patikilyèman Louis Jodelle Chamblain ak Emmanuel Constant, ki pral kreye FRAPH an 1991

aprè koudeta 30 septanm 1991 lan. Lè sa a Lame te met tèt li ansanm ak oligachi a pou te ranvèse sou pouvwa Jean Bertrand Aristide.

FRAPH se abreviyasyon Front Revolutionnaire Armé pour le Progrès d’Haiti ki pral rele annaprè Front Revolutinnaire pour l’Avancement et le Progrès d’Haiti.

Chanjman non an pat chanje anyen nan misyon òganizasyon ni nan aksyon li tap mennen. Òganizasyon sa a ki te kreye nan lide pou bay Lame a jarèt te enplike nan tout kalite zak malonèt : yo touye moun, yo fè kadejak, gen moun yo pran moun lakay yo pa janm pran nouvèl jis jounen jodi a. Jounalis Felix Lamy se yon egzanp.