12 konfli ame nan listwa ki touye plis moun
Depi peryòd istorik “Age de la Pierre”, lòm enplike nan batay pou konsève oswa elji teritwa yo. Men teknoloji a ki charye ak li envansyon “machin pou touye yo” pandan dènye milenè a lakoz konfli yo fè plis viktim nan mwens tan – pami yo yon bom kantite inosan ki pa gen anyen pou wè ak batay la. Nan lis sa a, nou envite w dekpuvri kè gè, mouvman leve kanpe ak rebelyon ki pote ale lavi plis moun atravè listwa.
12 – Gè “Trente Ans”
Teritwa enplike : Anpi Women (Azi, Ewòp ak yon ti moso nan Lafrik)
Peryòd : 1618 a 1648
Kantite viktim: 3,000,000 a 11,500,000 Moun
Gè sa a, ki se ti frè yon gè mondyal, te kòmanse sou fòm yon konfli relijye epi li te vin pi konplèks jiskaske pèsonn pa t konnen poukisa yo tap goumen ankò. Anpil nan lame yo te gen mèsenè pami yo, ki te chanje bò chak fwa opòtinite a te parèt enteresan.
11 – Gè Napoleon yo
Teritwa enplike: Ewòp ak zile nan oseyan Pasifik, Atlantik ak Endyen yo
Peryòd: 1804 rive 1815
Kantite viktim: 3,500,000 a 6,500,000 moun
Fransè Napoleon Bonaparte tap mache konkeri teritwa an Ewòp, men li pat rive goumen nan sezon fredi peyi Risi a - anpil sòlda Pat reziste ak fredi epi yon bon pati te mouri grangou. Estrateji Larisi se te boule vil kote lame Napoleon an tap pase pou anpeche yo piye resous yo.
10 – Dezyèm Gè Kongo
Teritwa enplike: Repiblik Demokratik Kongo, Lafrik
Peryòd: 1998-2003
Kantite viktim : 3,800,000 a 5,400,000 moun
Sa a se konfli ki pi resan sou lis la. Yon akò ant de pati yo te mete yon bout nan gè a, men popilasyon an toujou ap soufri konsekans yo jiskaprezan. An 2004, prèske 1,000 moun te mouri chak jou akòz malnitrisyon ak maladi ki te ka trete byen fasil si rejyon an pat febli konsa.
9 – Gè Sivil Ris
Teritwa : Larisi
Peryòd : 1917-1921
Kantite viktim : 5,000,000 a 9,000,000 moun
Malgre yo di konfli sa a te fini an 1921, verite a li sanble te kontinye pou yon lòt de ane. Objektif mouvman sa a se te mete fen nan monachi a, men gwoup ki enplike yo pat antann yo sou ki fòm ki te dwe ranplase tsar yo. Pati Bolchevik la te rive enpoze yo e se yo ki te etabli premye gouvènman ki enspire de doktrin sosyalis Karl Marx la.